Ki Ansènyeman nou dwe gen an Ayiti
Otè tèks la Castine Volmar Ki Ansènyeman nou dwe gen an Ayiti Eske lang franse a dwe yon zouti pou ansenye oubyen nou dwe konsidere li tankou yon lang etranjè. An Ayiti depi lontan ansènyeman se nan lang franse li fèt, men sa pat depann de nou paske se yon eritaj kolonyal li ye, paske aprè blan franse te kite koloni Ayiti ki te vin tounen yon repiblik, moun a lepòk yo te fè apèl ak blan franse sa yo pou te vin fè edikasyon pou pèp la men pifò ladan yo sete afranchi ak kreyòl ki te fèt sou tè a kite gen chans pou ale lekòl. Nan optik sa franse te tou rete yon eritaj pou lekòl an Ayiti, se konsa lang franse a pran plas nan ansènyeman nan peyi Dayiti jiska dat. Kisa ki pouse nou ekri yon tèz sou koze lang franse nan ansènyeman an Ayiti. Men kijan sijè a pati : lang franse ta dwe konsidere tankou yon lang etranjè. Men pouki nou vle fè yon tèz sou sa? Men sou kisa pwoblematik nou an chita, n ap mete pwoblematik nou an sou fòm remak. ...