Ki Ansènyeman nou dwe gen an Ayiti

 Otè tèks la  Castine Volmar 


Ki Ansènyeman nou dwe gen an Ayiti

Eske lang franse a dwe yon zouti pou ansenye oubyen nou dwe konsidere li tankou yon lang etranjè.


 An Ayiti depi lontan ansènyeman se nan lang franse li  fèt, men sa pat depann de nou paske se yon eritaj kolonyal li ye, paske aprè blan franse te kite koloni Ayiti ki te vin tounen yon repiblik, moun a lepòk yo te fè apèl ak blan franse sa yo pou te vin fè edikasyon pou pèp la men pifò ladan yo sete afranchi ak kreyòl ki te fèt sou tè a kite gen chans pou ale lekòl. Nan optik sa franse te tou rete yon eritaj pou lekòl an Ayiti, se konsa lang franse a pran plas nan ansènyeman nan peyi Dayiti jiska dat.

 Kisa ki pouse nou ekri yon tèz  sou koze lang franse nan ansènyeman an Ayiti.

 

 Men kijan sijè a pati : lang franse ta dwe konsidere tankou yon lang etranjè. Men pouki nou vle fè yon tèz sou sa? Men sou kisa pwoblematik nou an chita, n ap mete pwoblematik nou an sou fòm remak.

 

 Men sa nou remake nou wè depi lontan si nou li jounal ministè edikasyon nasyonal la, li toujou ap relate echèk nan bakaloreya yo epi se nan egzaman franse yo timoun yo toujou ap echwe . Nan literati ak filozofi elèv yo pa fè bòn nòt. Metòd yo itilize nan ansènyeman an pase mòd, li pa gen okenn efè sou elèv yo. Pifò elèv se kreyolofòn yo ye.

 

 Men sou kisa ipotèz nou chita, fòk inivèsite ki la pou fòme ansenyan yo gen yon metòd ki chita sou reyalite peyi nou e pa sou metòd nou kopye lòt kote. Fòk ansènyeman an fèt nan lang matènèl tout timoun konsa lang franse a ap pi byen chita. Lang franse a dwe yon matyè tankou matematik, biyoloji ak elatriye lòt yo. Se nan optik sa nou pral devlope pwen sa yo nan rès lin yo.

*Sitiyasyon lengistik nan peyi Dayiti

Konstitisyon ayisyèn 1987 la rekonèt lang kreyòl ak lang franse a egal ego kòm lang ofisyèl Repiblik la. Men franse a rete lang yo pi itilize nan system edikatif ayisyen an. 

*Lang franse a nan peyi Dayiti

 Lang franse a se yon lang segond yo di li ye an Ayiti, an nou gade pou nou wè kote koze lang segond sa sòti, Pradel Pompilus (1985) nan liv li a ‘’le problème linguistique haitien’’ aprann nou lang franse se lang dansènyeman li ye nan sistèm edikatif nou an. Se pa li yo transmèt savwa epi se li ki mwayen pou ou gen konesans, se nan lang sa tou pi fò liv eskolè ekri pou nou pa di tout. 


 Depi epòk kolonyal franse pat janm yon lang pou mas pèp la men sete toujou elit entèlektyèl la ak boujwazi a ki te konn pale lang sa. Pou Fortenel THELUSMA li menm (2012) ‘’lang franse a kite pale o depa pa kèk esklav domestik , te vin pa laswit ansenye ak transmèt ak jèn yo pa entèmedyè enstitisyon eskolè yo kite dirije pa ansenyan franse.

 Sa nou konprann pa la, lang franse a se yon lang dansènyeman ak yon lang ansenye li ye.

Ki diferans ki gen ant yo de?

Premye a se lè profesè a sèvi ak lang lan pou li fè èlèv li yo jwenn  savwa a, se li li pale nan klas la, li bay esplikasyon ak lang sa. 

Dezyèm nan, Lang ansenye a li menm se lè lang sa se yon matyè li ye tankou matematik, fizik, chimi ak elatriye…

Sa ki yon lang segond

 Baquer (1998) aprann nou se tout kote li se lang ofisyèl avèk estati kote se leta ki rekonèt li (konstitisyon an pa egzanp) oubyen nan biwo administratif yo. Sou plan sosyokiltirèl se yon lang etranjè ki gen yon estati privilejye . Nou ta byen renmen pale de teyori ansènyeman lang franse kòm dezyèm lang men se pa nan pwen sa nou ye kounyea . Sa ki enterese nou se wè kòman nou te kab konvenk moun yo, pou nou ta mete lang franse tankou yon lang etranjè nan ansènyeman lekòl men sa ka fè gwo tole paske menm moun ki pa konn a nan fèy malanga nan franse renmen tande pitit yo k ap pale franse, menm si yo pa konprann anyen, bon nou ka konprann franse gen yon estati privilejye nan tèt moun yo, se yon lang savwa, kreyòl se lang moun sòt…

 Tout moun konnen moun pi byen aprann nan lang peyi ou, Yves dejean montre sa nan liv li a ki rele ‘’yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba’’ se lè sa w ap konprann kòman li enpòtan pou edikasyon an ta fèt an kreyòl an Ayiti. Ansenye timoun yo Ayisyen t ap pi bon pou yo, konsa li t ap pi fasil pou yo aprann tout matyè yo byen epi lespri yo t ap louvri sou mond eksteryè a. 

Men gen anpil faktè ki antre nan jwèt la tankou pa gen laboratwa syantifik an Ayiti k ap panse pou edikasyon ta fèt an ayisyen, ayisyen pa vle rekonèt yo gen yon lang ki pa yon kreyòl ankò, ayisyen minimize sa ki pou li a, ayisyen pa pran konsyans franse a pa pou li. Nou pa pale franse franse, franse nou pale se  franse ayisyen ki se yon fransisazyon lang kreyòl la nan pi fò aspè (men sa se yon lòt deba).

Kisa aprantisaj yon lang ye

 Aprantisaj yon lang gen pou objektif fè elèv yo kapab gen konpetans langajye, men fòk aprentisaj la estriktire nan diferan etap se pa britsoukou sa fèt, se tipatipa elèv la ap vin mèt nan lang l ap aprann nan. Pa bliye kat abilite lang lan oral/ekri sa vle di koute, pale,li ak ekri se konsa nou ka detaye yo. Li enpòtan anpil pou yon moun kapab tande sa yon lòt mou ap di se konsa li va reponn kòm sa dwa, fòk ou kapab pale selon règ lang w ap pale a paske chak lang gen pwòp règ pa yo sou plan lengistik, gen yon fason pèp la di reyalite li, fason sosyete a wè lang lan paske se li ki anrichi li, la nou sou plan sosyolengistik ak etnolengistik wi paske nan menm lang lan gen plizyè varyete sa nou rele dyalèkt yo. Li  enpòtan anpil, kòman ou vle anrichi vokabilè ou si ou pa li nan lang w ap aprann nan. Ekri sa tou enpòtan e nou wè se li ki manman koze a, gen anpil fwa ou rive yon kote swa yo pale avè w oubyen yo mande w ekri men nan pifò ka se ekri yo mande w ekri, nou kapab di se tout sa nou sòt di anvan yo ki jwe yon wòl kapital nan koze 

ekri nan lang w ap aprann nan. Se konsa nou wè an franse nan peyi nou gen yon karans nan ekri sou sijè varye paske lekòl pa montre timoun yo kòman pou yo fè pwodiksyon ekrit, ki metòd pou yo itilize selon sijè a men sa se yon gwo deba.

Timoun yo dwe aprann nan lang kreyòl

 An nou pa bay tèt nou manti, pifò moun nan sosyete ayisyèn nan se nan lang kreyòl edikasyon familyal yo fèt pouki mwen di pifò mwen pa di tout paske pa gen yon sondaj sou koze sila donk nou paka kategorik fòk ou toujou kite yon pòt de sòti…ayisyen panse an kreyòl, pale kreyòl, aji an kreyòl, tout jan nou vire li nou wè se kreyòl. Majorite timoun nan lekòl klasik vin fè eksperyans lang franse a lekòl, yo pat janm tande yon lang konsa nan lantouray yo avan.

 Psikolengis yo avanse jan sèvo yon moun panse se konsa li pale, donk nou wè kòman li enpòtan pou nou fè edikasyon an nan lang kreyòl (ayisyen). Refòm BÈNA a te pale sou koze sila lontan men sa li di: “garantit l’emploi du créole dans l’enseignement, voila ce que dit la réforme : « l’une des innovations dans les nouveaux programmes de l’enseignement fondamental est l’introduction du créole comme langue enseignée et langue d’enseignement. […] Le français continu d’être langue enseignée et langue d’enseignement » La Réforme éducative, éléments d’information, Département de l’éducation nationale/ Institut Pédagogique Nationale (IPN), 1982, Imprimerie des Antilles, P-au-P.

 Alò nou wè plan an la déjà pou kreyòl la se lang ansènyeman tout matyè, franse a t ap yon kou tankou tout lòt yo, menvite nou al li kourikoulòm Ministè edikasyon nasyonal pou premye ak dezyèm sikl fondamantal epi n a wè kisa yo te planifye pou kou franse a. Refòm BÈNA a te gen yon lòt objektif ki pi gran pase sa li fòmile nan ti fraz nou pral site la :’’ (1982), n’avait pas pour seul but l’enseignement scolaire mais visait également l’intégration sociale de l’écolier haïtien. En ce qui concerne l’enseignement de la langue française, elle préconise une « approche méthodique grâce à une élimination systématique de la routine et fait appel à la compréhension plutôt que la mémorisation à outrance.»

 Pou nou fini ak pati sa, lang kreyòl la se lang yo dwe fè ansènyeman tout ayisyen, dwe gen liv an kreyòl nan tout matyè yo se pa tradiksyon pou profesè a ap fè pou elèv yo ka konprann yon bagay, syans ka fèt an kreyòl, nou ta dwe chache moun ki gen konpetans nan domèn nan pou nou mete sou pye yon laboratwa syantifik k ap panse pou ekri liv nan tout matyè yo an kreyòl ki reflete reyalite ayisyen an epa pran liv lòt peyi epi vin ansenye nou ladan yo. Japon te fè li gade kote yo ye jodiya , Chin fè li tou, gade kote yo ye jodiya, brezil fè li gade kote yo ye jodiya. 

Mwen espere yon jou ayisyen va pran konsyans se nan lang kreyòl pou edikasyon ak lasyans fèt pou nou vanse douvan sinon n ap toujou trennen. 

Pa bliye edikasyon se kle…

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Femmes sans enfants : entre stérilité, choix personnel et marginalisation sociale

La restauration dans les hôtels 5 hibiscus en Haïti : entre attentes et réalités